DOSYE JOVENEL MOÏSE : « ASASEN JOVENEL MOÏSE YO VLE KONFYE DOSYE BAY YON JIJ PA YO POU YO KAPAB DISKILPE YO », EKRI GARY BODEAU

Ansyen depite komin Dèlma a, Gary Bodeau nan yon twit li fè vandredi 13 dawout 2021 an, fè konnen asasen Jovenel Moïse yo vle konfye dosye a bay jij pa yo pou yo kapab diskilpe yo.

« Asasen Jovenel Moïse yo genyen pari a. Kanpay entimidasyon ki te òkestre kont onorab jij Chanlatte gen efè eskonte a », ekri sou kont twitè ansyen prezidan chanm depite a.

Daprè ansyen palmantè a, asasen Jovenel Moïse yo vle konfye dosye bay yon jij yo chwazi pou kapab diskilpe yo. Men « Kou sa p ap pase. Mobilizasyon jeneral ! », Daprè sa li denonse.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …