AYITI/PWOTESTASYON: MOUN SENMAK METE PYE YO ATÈ POU MANDE LETA DEFAKTO A BA YO SEKIRITE.

Plizyè milye moun pran lari nan vil Senmak jounen jedi 14 jiyè 2022 a pou mande otorite defakto yo pou pran responsabilite yo ak ensekirite a kap vale teren nan peyi a.

An majorite moun ki tap manifeste yo se te antreprenè ki nan vil la, ki te jwenn sipò popilasyon an ak kèk gwoup òganize nan Senmak, nan revandikasyon yo yo mande leta pou rezoud pwoblèm Kanaran an pou evite Gran Nò pa bloke menm jan ak Gran Sid, antreprenè yo ki pèdi anpil kamyon machandiz yo nan zòn Kanaran menase fè lòt mouvman si gouvènman defakto a pa pran dispozisyon pou rezoud pwoblèm ensekirite a.

Yon lòt bò, popilasyon an ki te akonpaye yo te pwofite mande gaz e voye yon mesaj klè bay gouvènman defakto a ki gen pwojè moute gaz la, yo denonse lavi chè a ak pri kous moto yo ki gentan moute.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …