AYITI/ MOUVMAN : YON MOUN MOURI AK PLIZYÈ LÒT BLESE NAN FONTYÈ AYITI AK SENDOMENG

Yon moun mouri ak plizyè lòt sòti blese pandan jounen lendi sèt (7) jen 2021 an, nan fontyè Nò ayisyen ak Sendomeng akoz yon afwontman ki eklate ant komèsan ayisyen ak polis fwontalye ( Police front).

 

Yon sitiyasyon ki vini aprè otorite yo deside fèmen fontyè Ayiti ak repiblik dominikèn, ki leve plim sou do divès komèsan ayisyen ki tire wòch ak boutèy pou te kapab fòse otorite dominiken yo ouvri fontyè a pou yo kapab kontinye ak aktivite komès yo.

Sitiyasyon mouvman tansyon sa paralize aktivite yo sou fontyè a machin ak moto nan gwo difikilte pou fè ale vini nan komin Wanament.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …