RISI2018: EKIP IRIGWE YAN JWENN BIYÈ KALIFIKASYONL SOU FÒMASYON ARABISAWOUDIT LAN 2-1 GRAS AK YON GÒL L. SUÁREZ NAN 23′

Ekip Irigwe an bat ekip Arabisawoudit lan (1-0) nan Rostov Arena jodi an ak yon gòl atakan Barcelone L.Suárez nan 23′.
Ekip Irigwe an te kanpe an 4-4-2 , Arabisawoudit an 4-2-3-1.

CHAJMAN ARABISAWOUDIT :

1) Hussain Al Mogahwi #16 rantre nan plas T. Al-Jassil nan 44′.
2) Mohammed Kanoo #12 ranplase
Hatthan Babhir nan 75′.
3) Mohammad Al-Sahlawi rantre nan plas Fahad Al-Muwallad nan 78′.

CHANJMAN IRIGWE:

1) D. Laxalt #17 ranplase C. Rodríguez nan 59′.
2) L. Torreira #14 rantre nan plas M. Vecino tou nan 59′ lan.
3) N. Nández #8 ranplase C. Sánchez nan 82′.

Rankònt sa te fini san ankenn katon pou jwè de ekip yo.
Ekipe Arabisawoudit fini match lan ak yon posesyon balon 53% kont 47% pou advèsè yo an.
Sou 13 chout Igweyen yo fè nan match lan 3 sèlman te kadre, alòske sou 8 chout ekip Arabisawoudit 2 ladann te kadre, tegen 23 fot nan match lan,10 pou Irigwè ak 13 pou fot kont yo. Irigwe jwenn 3 kònè kont 4 pou advèsè yo.

Gras ak gòl Suárez lan Irigwe vin 2è ekip ki kalifye nan Mondyal lan, Larisi se premye an.
57% gòl kifèt nan mondyal Risi 2018 lan fèt sou kònè, koufran ak penalite.

Ridoré Steeve

ridoresteeve@Gmail.com
(+509) 3178-98-79

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …