AYITI/KOWONAVIRIS: FONDASYON » ZANMI TIMOUN » LANSE YON KRI DALAM PARAPÒ AK KONDISYON SANITÈ LEKÒL PIBLIK YO FAS AK KOVID-19 LA KI AP PWOPAJE ANNDAN PEYI A

_Fondasyon « zanmi Timoun », nan yon nòt pou laprès jounen Jedi 10 Jen 2021 an, lanse yon kri dalam parapò ak kondisyon sanitè lekòl piblik yo fas ak nouvo varyan Kovid-19 yo ki ap pwopaje pi plis chak jou anndan peyi a._

« Rekridesans Kovid-19 la avèk de(2) nouvo varyan yo bay fondasyon zanmi Timoun gwo kè sote. Nou pè pou pa gen pi grav si pa gen okenn dispozisyon ki pran pou pwoteje popilasyon an », ekri nan nòt pou laprès la.

Fondasyon « zanmi Timoun » konstate gen yon pakèt pwoblèm sanitè lekòl piblik yo ap fè fas. » Etablisman eskolè piblik yo ap fè fas ak yon pakèt pwoblèm sanitè. Gen fatra nan lakou lekòl yo, blòk sanitè yo defektye sa ki gen konsekans sou eta sante elèv ak anseyan yo ».

Nan lekòl piblik yo, daprè fondasyon zanmi » Timoun », pa gen okenn mezi jès baryè ki respekte. « Elèv lekòl yo pa mete kachnen, pa gen okenn pwen dlo pou lave men, yo pil sou pil nan sal klas yo. Kontrèman ak nòm ministè edikasyon nasyonal bay yo, elèv yo konn ant 50 ak 80 nan yon sal klas », daprè nòt pou laprès la.

Fondasyon an fè konnen kondisyon sanitè etablisman lekòl piblik yo se yon gwo menas pou sante elèv lekòl yo, pèsonèl ak responsab enstitisyon yo. « Fondasyon zanmi Timoun mande pou otorite ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl yo pran responsabilite yo nan sousi pou pwoteje timoun yo nan lekòl yo. Direksyon nasyonal dlo potab ak asenisman (Dinepa) dwe jwe wòl li nan mete pwen dlo nan lekòl yo pou ijyèn ak etablisman eskolè yo », rekòmande fondasyon « zanmi Timoun ».

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …