Yon vè dlo gen anpil enpòtans byen ke nou souvan meprizel pou lòt bagay.

Lèw bwè yon vè dlo pou pi piti nan aswè, li lave entestenw epi li anpechew fè move rèv, paske depiw pa byen dijere saw pran pandan jounnen an nan aswè ou ka fè anpil vye rèv.

Sispann di yap peze nou nan dòmi mezanmi.
Lèw manje epiw pa pran tan ou tou al kouche se nòmal pou manje yo monte epi baw sansasyon yon moun yap peze oubyen ki anvi toufe. Ou ka evite sa , pou sa pa bliyè vè dlo a.

Pou byen demare jounnenw ou dwe bwè pou pi piti yon vè dlo , lap edew lave entestenw epi rete an sante.

Lèw strese sa ka koz ou fè vye rèv lèw ap dòmi oubyen pase yon vye jounnen.
Pouw ka byen jwi yon nwit ak yon jounnen, fè lekti chak swa avanw dòmi epi chak kouw leve nan maten paske lèw ap li to strès ou diminye a 68%, plis ou li se plis to a ap redwi.

Aplike ti konsèy sa yo, pa diw pap gen tan, konsa nwit ak lajounenw ap pi bèl .

Lisa Ridoré
ridorelisa10@Gmail.com
+(509)44987760

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …