AYITI/KOVID-19 : PREZIDAN LAKOU KASASYON AN, MÈT RENÉ SYLVESTRE TESTE POZITIF NAN KOVID-19.

_Mèt René Sylvestre, prezidan lakou kasasyon an trape maladi kowona viris la. Daprè premye eleman enfòmasyon yo, eta sante mèt René Sylvestre trouve li nan sant ospitalye nan kapital la kòmanse bay gwo kè sote._

De (2) nouvo varyan Kovid-19 ki te detekte nan peyi a kontinye ap pwopaje. René Sylvestre trape pandemi kowona viris la.

Daprè enfòmasyon redaksyon echo Jounal dispoze, gen demach kap fèt pou ta mennen prezidan lakou kasasyon an al pran swen ki pi apwopriye nan peyi etranje.

Alòske ka kontaminasyon ki gen pou wè ak Kovid-19 yo pa sispann pwopaje anndan peyi a, otorite konsène yo poko janm pran bon jan mezi pou ta fòse moun ki nan transpò an komen yo ak moun ki nan mache yo pou yo ta mete kachnen.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Un chercheur haïtien soutient une thèse sur la vulnérabilité climatique des agriculteurs caribéens

Caen (France), juin 2025 — À l’heure où le changement climatique s’intensifie et frappe de …