AYITI/ ASASINA: KAD-AYITI KONDANE ZAK ASASINAY ANSYEN CHÈF LETA JOVENEL MOÏSE.

Nan yon nòt pati politik konbit aksyon pou devlope Ayiti ( KAD-AYITI) voye nan sal redaksyon Echo Jounal, kondane ak tout fòs yo zak asasinay ki fèt sou ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse lakay li nan Pèleren senk (5) maten mèkredi sèt jiyè 2021 an.

KAD- AYITI, fè konnen zak asasinay ansyen chèf Leta pa fè onè peyi a pito ki sal vizaj nasyon an pi plis pase jan li te sal nan konpòtman ak ajisman anpil nan ayisyen ki kwè vyolans ka rezoud tout pwoblèm.

Pati konbit aksyon pou devlope Ayiti, ki kwè moman rive sitou ak sikonstans lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse la pou fè yon sèl pou rebati yon sosyete ki chita sou la lwa, moralite ak diyite k ap vin bay yon Ayiti sivilize, ini ki se chans pou debouche sou wout pwogrè.

Nan fen nòt la, kòdonatè KAD-AYITI a, Serge Delva Gaspard, koube li byen ba devan kadav ansyen chèf Leta epi voye senpati ak swete retablisman ak madanm ansyen prezidan an Martine Moïse.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …