AYITI/ LANMÒ: YON PAKÈT PATIZAN AK SENPATIZAN JOVENEL MOÏSE DEPOZE FLÈ DEVAN PALÈ NASYONAL NAN MEMWA LI.

Patizan ak senpatizan Jovenel Moïse yo depoze yon pakèt flè devan palè nasyonal jounen mèkredi 14 jiyè 2021 an nan sousi pou salye memwa ansyen prezidan an ki te asasinen lakay li pèleren nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021._

Apre anpil sektè nan lavi nasyonal la te fè nòt soti pou kondane zak asasinay ki fèt sou Jovenel Moïse epi voye senpati yo bay fanmi ak zanmi viktim nan, kounya se patizan ak senpatizan ki chwazi salye memwa ansyen patwon agritans lan yon lòt fason.

Depoze flè devan palè nasyonal, se konsa, jounen 14 jiyè a, anpil patizan ak senpatizan Jovenel Moïse chwazi rann li omaj ak salye memwa li.

Lapolis Nasyonal Dayiti bò kote pa l kontinye ap mennen ankèt pou mete anba kòd otè materyèl ak entèlektyèl krim sa ki fèt nan peyi a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …