AYITI/POLITIK: MARTINE MOÏSE ANVIZAJE POZE KANDIDA POU PÒS PREZIDAN AN AYITI

Ansyen premye dam repiblik la, Martine Moïse anvizaje poze kandida pou pòs prezidan peyi Dayiti nan pwochen eleksyon kap gen pou fèt anndan peyi a._

Nan yon interview Martine Moïse bay jounal ameriken an New York Times, li fè konnen li anvizaje poze kandida pou pòs prezidan aprè li fin fè operasyon nan ponyèt dwat li. Chwa sa, daprè madan ansyen prezidan Jovenel Moïse, enskri nan demach pou lide ansyen chèf Leta ayisyen an pa mouri.

Yon lòt kote, madan defen Jovenel Moïse te pwofite okazyon an pou te retounen sou evenman ki te pase nan lannuit 6 pou 7 jiyè 2021 an.  » Sèl bagay mwen te wè anvan yo te touye Jovenel Moïse, se te bòt asasen yo », deklare Martine Moïse.

« Jovenel Moïse te mouri bò kote m. Aprè yon ti tan mwen fèmen je m, e mwen pa t wè anyen ankò », pawòl Martine Moïse.

Ansyen premye dam nan konfime gen yon bagay asasen yo pran nan dosye Jovenel Moïse yo. « Se pa sa ! Se pa sa ! Se sa », deklare Martine Moïse ki di moun yo t ap pale an espanyòl.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …