Yon tranbleman de tè manyitid 7.2 sekwe Ayiti samdi 14 dawout 2021 nan maten a 8è 30 nan lè peyi Dayiti, selon sant ameriken sismoloji.
Ayiti kòmanse jounen an ak yon tranbleman de tè. Li te 8è 30 nan maten, lè tè a te kòmanse tranble. Daprè sant ameriken sismoloji, tè a sekwe ak yon manyitid 7.2 e episant la te twouve nan depatman Nip.
Daprè imaj ki ap sikile sou rezo sosyal yo, e kèk oditè ki rele nan emisyon ranmase ki fèt sou radyo Caraïbes, tranbleman de tè a lakoz anpil dega nan depatman Grandans, Nip ak Sid.
Okenn otorite, jiskaprezan poko entèvni nan laprès sou sa ki pase a.
Jackson junior Rinvil