AYITI/TRANBLANNTÈ : GWO DEGA ANREJISTRE NAN PEYI A APRÈ TÈ A TE TRANBLE, YON FANM TOU ANSENT MOURI NAN DEPATMAN NIP.

Tè a tranble maten samdi 14 dawout 2021 an, nan divès depatman ak nan komin nan peyi Ayiti selon premye enfòmasyon espesyalis yo bay tè a tranble nan minitid nechèl 7.0.

Daprè bilan pwovizwa pasaj tranblanntè « Goudou goudou  » a, yon fanm tou ansent mouri nan komin baradè aprè kay li tap viv la tonbe sou li, yon legliz nan kavayon ki nan depatman Sid, plizyè lòt imaj montre gen anpil dega ki fèt tankou kay ki kraze, mi ki tonbe ak moun ki blese.

Tranblanntè « goudou goudou » sa, mete popilasyon an nan anpil kè sote kap rete tann bilan otorite nan pwoteksyon sivil Ayiti yo pou bay bilan sou kantite dega ki anrejistre.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …