AYITI TRANBLEMANDETÈ: ANSYEN PREZIDAN JOSEPH MICHEL MARTELLY REYAJI APRÈ TÈ A FIN TRANBLE MATEN AN.

Nan yon tweet ansyen prezidan Joseph Michel Martelly pibliye maten samdi 14 dawout 2120 an voye senpati li bay moun kap viv nan gran sid la.

Pilwen, chantè sweet Micky a fè konnen se avèk anpil tristès li ap konstate dega tranblemandetè a, li kontinye pou li di je pran kou nen kouri dlo, ansyen lokatè palè nasyonal la di se zantray li kap rache lè li wè bagay sa yo.

Ansyen chèf leta a, kontinye pou li di, nan moman gwo tristè sa ki plane nan kè tout Ayisyen an, li tou pwofite okazyon an pou li koube li byen ba douvan moun ki touche anba katastwòf natirèl sa.

Yon lòt kote, li mande pou tout Ayisyen mete tèt ansanm pou ale sipòte moun nan bezwen nan moman an douloure frè ak sè nou yo ap travèse nan gran sid peyi a.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …