FEDOFEH DENONSE DERIV KAP FÈT NAN ADMINISTRASYON PIBLIK KOU PRIVE SOU KOTA FANM NAN PEYI A.

FEDOFEH denonse nan yon konferans pou laprès vandredi 27 dawout 2021 an konpòtman minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP), Marie Lucie Joseph, ki chwazi mete kanpe yon komisyon an ijans pou jere kriz tranbleman tè a ki gen 10 gason san okenn fanm epi an menm tan chwazi kreye yon komite._

« Jou ki te 25 dawout 2021 an, majorite òganizasyon fanm ki fòme FEDOFEH yo te reyini an ijans aprè yo te fin tande prezantasyon komite dijans minis Marie Lucie Joseph kreye pou jere kriz tranbleman tè », esplike Novia Augustin

« Touswuit aprè, FEDOFEH mete sou pye yon komite suivi ak lidè òganizasyon sa yo : Novia Augustin, prezidant FEDOFEH ; Wislande Dorcelus; Herla Pierre ; Jocelyne Jean Louis ; Louise Marie Augusta milien

komite sa ap gen pou misyon pou asire prensip kota fanm nan respekte nan tout enstitisyon piblik kou prive, menm nan pòs ki pi piti nan peyi a.

« Se nan optik sa li enpòtan pou nou atire atansyon popilasyon an, espesyalman gouvènman an plas la sou desizyon sa minis Marie Lucie Joseph, minis MENFP la pran pou  kreye yon komite dijans avèk 10 gason zewo fanm. Zak sa se yon vyolasyon grav atik 100.1 konstitisyon an vigè a », denonse prezidant FEDOFEH la ,Novia Augustin.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …