ESPÒ/ ANGLETÈ : MAN CITY MALMENNEN ARSENA

Anyen pap mache pou Arsenal nan kòmansman chanpyona Angletè a. Ekip ki gen tèt li Mikel Arteta a, apre twa jounen nan « Premier League » la retwouve li nan dènye plas klasman nan chanpyona  ak 0 gòl make epi 9 ankese._

Manchester City bay Arsenal yon koreksyon (5-0) jounen samdi 28 dawout la nan twazyèm jounen chanpyona Angletè a.

Ilkay Gundogan, Gabriel Jesus, Rodri ki make yon gòl yo chak epi Ferran Torres ki enskri 2 gòl, chanpyon yo fè Arsenal pase yon move moman.

Sepandan, ekip Pep Guardiola depi 35kyèm minit match la te gentan ap jwe an siperyote nimerik apre ekspilsyon kapitèn Xhaka apre yon vye tak li te fè.

Gras ak viktwa sa, Man City pran tèt klasman an pwovizwaman ak 6 pwen alòske ekip Arsenal la, li menm, ap fè yon kòmansman sezon katastwofik ak 0 gòl make epi 9 ankese pandan 3 match.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:onze mondial

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …