AYITI/ASASINA: ARIEL HENRY ENVITE POU ALE REPONN KESYON NAN PAKÈ.

_Komisè gouvènman Bed-Ford Claude konvoke premye minis Ariel Henry pou prezante nan pakè nan dat 14 sektanm 2021 ki ap vini an nan sa ki gen pou wè ak ankèt ki ap mennen sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse la._

Nan manda envitasyon an, komisè gouvènman an fè konnen li konfime bò kote Digicel echanj apèl telefòn ki te fèt ant premye minis ayisyen an, Ariel Henry ak youn nan sispè asasina Jovenel Moïse la, Joseph Badio Félix, jou zak asasinay la te fèt nan pèleren 5 lakay ansyen patwon agritans lan.

Nou ap raple, daprè Digicel, nimewo chèf gouvènman ayisyen an, Ariel Henry ak nimewo Joseph Badio Félix te pale nan dat 7 jiyè 2021 an nan telefòn pandan 2 fwa e apèl yo te dire 3 e 4 minit.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …