LEMOND/ ISTWA: 11 SEPTANB YON DAT PEYI ETAZINI PAP JANM BLIYE.

11 Septanb 2000, 11 Septanb 2021 make 20 lane depi gwoup Al- Qaïda, te fè yon antanta nan peyi Etazi lakoz 3000 mil moun mouri ak plizyè santèn lòt blese. 11 Septanb 2000, yon dat ki kite anpil doulè kay fanmi viktim  » World Trade Center » (WTC).

Prezidan ameriken an Joe Biden, rann li jounen samdi 11 Septanb 2021 an nan peyi Afganistan pou komemore lanmò 2977 viktim pami yo 2 753 nan Eta Nouyòk.

Madi 11 Septanb 2001, te kite yon gou anmè nan bouch ameriken yo aprè atak sou  » World Trade Center », ki te lakoz yon rigòl san koule sou bout tè ameriken an yon jou, yon dat ki kote yo ye?

 » Se enpòtan pou yo chache konnen sa ki te pase nan jou sa a, gen yon jenerasyon ki pa konprann vrèman », deklarasyon Monica Iken- Murphy, yon travayèz nan  » tour Sud World Trade Center ».  » 11 Septanb raple nou pakab janmè konsidere kòm yon gany pou lapè, libète ak fason nou ap viv », se sa premye minis peyi Ostrali a, Scott Morrison, nan yon lèt tou louvri kotel prezante kondoleyans li ak pèp ameriken an.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …