FOUTBÒL/PREMYE LIG: TOUNEN DE RÈV POU CRITIANO RONALDO AVÈK YON DOUBLE.

Chanpyona Angletè an jwe 5èm jounen li week-end sa Manchester United bat Newcastle United (4-1) avèk yon double de Cristiano Ronaldo pou premye match li depi li tounen nan ekip mankounyen an Lingade patisipe nan festival la lè li enskri 4èm gòl la nan tan adisyonèl.

Cristiano montre li se youn nan meyè jwè Ki jwe jwèt sa aprè 13 lane depi li te kite United pou li te ale nan ekip Real Madrid la cr7 sanble tounen pou bon nan ekip li te pran premye balon dòl.

Aprè li te finn fè pale anpil nan trèv entènasyonal la kote li te fè je tout mond lan vire sou li apre pou kont li lè li te bat Irlande nan tan adisyonèl (2-1) avèk yon double pèsonèl malgre  laj li  CR7 ap pwouve li se yon ewo.

Nap raplew apre match la Old trafford la se Gwo fèt pou ovasyone CR7 apre 13 zan deyò.

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …