LEMOND/ POLEMIK : DONALD TRUMP DENONSE ENKONPETANS PREZIDAN JOE BIDEN NAN DOSYE AFGANISTAN.

Ansyen prezidan repibliken Donald Trump, denonse enkonpetans aktyèl prezidan ameriken an Joe Biden paske li retire twoup sòlda ameriken yo nan peyi Afganistan.

Ansyen prezidan ameriken Donald Trump, nan yon mesaj videyo jounen samdi 11 Septanb lan denonse enkonpetans prezidan demokrat Joe Biden ki deside retire twoup sòlda ameriken yo nan peyi Afganistan.

 » se tris anpil pou fason gè nou an kaba ak moun ki fè anpil mal ak peyi nou », deklarasyon Donald Trump. Pilwen, ansyen chèf Leta ameriken an fè konnen aktyèl dirijan sa yo pase kòm gwo idyo, sa pral fè nou mal anpil epi lap koute lè enkonpetans ki nan pouvwa.

Nap raple, administrasyon Joe Biden lan, deside retire twoup sòlda ameriken ki tap sekirize peyi Afganistan aprè atak nan kapital peyi a Kaboul, kite lakoz pou pi piti 14 sòlda ameriken an te mouri.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …