AYITI/POLITIK : DAPRÈ PATI PLANSPA AKÒ POLITIK KI SIYEN AN SE YON SINYAL POZITIF POU TANMEN YON CHITA PALE ANT AYISYEN AK AYISYEN

Yon akò politik siyen samdi 11 septanm 2021 an ant premye minis Ariel Henry ak reprezantan enpe pati politik ak sosyete sivil. Daprè pati Planspa, akò sa ki siyen an se yon bon siy pou tanmen dyalòg ant ayisyen ak ayisyen ._

Pati PLANSPA ki gen kòm prezidan Dieudonné Lherisson, fè konnen sou kont twitè pati a akò sa ki siyen an « se yon sinyal pozitif pou tanmen yon dyalòg an pèmanens ant ayisyen ak ayisyen nan sousi pou rezoud yon fason ki enklizif e dirab kriz ayisyen an ».

Platfòm nasyonal sektè popilè ayisyen (PlANSPA) , daprè prezidan li, Dieudonné Lherisson, fè pati pati politik ki siyen akò politik avèk Ariel Henry a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les États-Unis sanctionnent un gang vénézuélien supposément lié à Nicolas Maduro

Le département américain du Trésor a annoncé vendredi des sanctions contre le « Cartel de …