AKÒ POLITIK ANT ARIEL HENRY AK PLIZYÈ REPREZANTAN PATI POLITIK E SOSYETE SIVIL : E SI DIEUDONNÉ LHERISSON TE JIS AP FÈ KAPITAL POLITIK LI SOU LANMÒ JOVENEL MOÏSE ?

Anpil reprezantan pati politik e sosyete sivil, nan jounen samdi 11 sektanm 2021 an siyen yon akò politik ak Ariel Henry pou « yon gouvènans apeze epi efikas pandan peryòd enterimè a ». Pami reprezantan pati politik sa yo ki siyen akò a, Dieudonné Lherisson, prezidan PLANSPA a, se youn nan yo. Yon zak anpil moun ki ap suiv lidè pati politik PLANSPA a pa wè ak yon bon lèy. Daprè yo, li pa nòmal, lè yo konsidere Dieudonné Lherisson fè pati moun kap mande jistis pou ansyen prezidan Jovenel Moïse epi menm Dieudonné Lherisson sa a ap siyen akò politik ak yon moun, daprè OPC, ki se yon sispè nan asasina Jovenel Moïse la e yo fè referans ak chèf primati a.

Nan listwa politik an Ayiti, bat je aksyon yo poze. Souvan, gen aksyon ki depaman ak diskou lidè politik la. Pèp ayisyen an abitye ak sa. E sa fèt tèlman souvan, li vin « nòmalize ».

Depi 7 jiyè 2021, dat ansyen prezidan Jovenel Moïse te asasinen lakay li nan pèleren 5, Dieudonné Lherisson te toujou youn nan moun ki pa janm bouke mande jistis pou ansyen patwon agritans lan. E lidè platfòm nasyonal sektè popilè ayisyen (PLANSPA), ansyen kandida pou pòs depite nan komin Marigo te ale pi lwen toujou kote li te mande pou yo patrimonyalize atò plim Jovenel Moïse te konn ekri. Sa ki te lèse anpil moun kwè se te yon moun ki te atache ak « valè » osnon ak « sa » pèsonaj Jovenel Moïse la te reprezantan nan sosyete a. Sa te ka rive, mesye Dieudonné atache ak prensip jistis nan sans pa gen okenn demokrasi kap ka boujonnen kote enpinite ap renye. Antouka, se sa moun te panse e jiska yè samdi 11 sektanm 2021.

Demokrasi, daprè anpil save, youn nan makfabrik li se lidè kontrè yo. Tout moun konn sa. Sepandan, bò kote lide kontrè yo, gen konviksyon ideyolojik yo tou ki se li menm, youn nan makfabrik chak aktè politik. Sa ki vle di, Dieudonné Lherisson te ka toujou chita ak Ariel Henry, men nan lide pou li te egzije li remèt demisyon l. Daprè sa Digicel afime lòt jou sou demann komisè gouvènman Pòtoprens la, premye minis ayisyen Ariel Henry te pale ak Joseph Badio Félix, youn nan prezime asasen Jovenel Moïse yo jou krim nan pandan 2 fwa. Touswuit aprè konfimasyon sa yo, ofis pwoteksyon sitwayen mande chèf gouvènman ayisyen pou l bay demisyon l epi mete l aladispozisyon lajistis. Donk, daprè anpil moun, si Dieudonné Lherisson te vle jistis pou Jovenel Moïse vre li pa tap siyen akò politik ak Ariel Henry. Sa ki lakoz anpil nan moun sa yo ap mande èske se pa kapital politik prezidan pati PLANSPA a, Dieudonné Lherisson, ap fè sou kadav ansyen chèf Leta peyi Dayiti a, Jovenel Moïse?

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …