DOSYE JOVENEL MOÏSE : MARTINE MOÏSE FÈ KONNEN LI TE PRAN 7 AK 8 BAL JOU YO TE ASASINEN MARI L LA.

Martine Moïse, ansyen premye dam repiblik Dayiti, fè konnen li te pran ant 7 ak 8 katouch jou asasina mari l la, Jovenel Moïse. Madan defen prezidan Moïse fè deklarasyon sa yo nan yon entèvyou li te bay « Local 10 News », yon medya ki chita kò l nan Florid, peyi Etazini.

Martine Moïse te pran bal jou mari l te asasinen an. Se sa viktim nan konfime nan mikwo laprès nan peyi Etazini. »M te pran 7 ak 8 bal jou asasina Jovenel Moïse la », esplike ansyen premye dam nan ki, pi lwen, fè konnen li pèdi koud bra dwat li.

Madanm ansyen chèf Leta Jovenel Moïse, daprè sa li di, esplike doktè di l ponyèt la p ap ka redwat ankò. « Nan 7 ak 8 bal sa yo gen 2 ki kraze bò kòt mwen », pawòl Martine Moïse ki, yon lòt kote, pwofite fè konnen li gentan fè 4 operasyon nan sousi pou repare tout kote ki blese nan kò l yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …