FOTO MIGRAN AYISYEN YO SOU FWONTYÈ AMERIKANO-MEKSIKEN SE YON ENDINYASYON AK ECHÈK TOUT ELIT PEYI A.

_Depi plizyè jou, gen plizyè milye migran ayisyen ki twouve yo anba yon pon sou fwontyè amerikano-meksiken an. San papye, konpatriyòt sa yo te vle rantre nan peyi Etazini. Anpil nan yo pa rive fè sa, patwouy fwontalye sou cheval nan peyi Etazini, patiklyèman nan vil Texas kouri deyè yo. Yon pakèt imaj ki pwoveke endinyasyon ak kòlè, men tou ki tradui echèk elit peyi a, daprè anpil moun._

Pandan uit dènye lane yo, anpil ayisyen kite peyi a pou l ale chache lavi miyò nan yon pakèt peyi nan amerik latin nan : Brezil ak Chili se de nan peyi sa yo kote ayisyen tabli katye jeneral yo depi kèk tan. Sepandan, anpil nan yo toujou fè konnen se move lavi pa bò isit ki toujou fòse yo kite Ayiti. Chak jou ki pase se nan plis twou dirijan yo ap foure peyi a; elit peyi a pa bay sosyete a yon liy kote jenès la ta ka kwè nan yon demen miyò san li pa oblije kite peyi a. Senk dènye lane Ayiti yo, se batay gwoup gang ak gwoup ; se ensekirite ak kidnaping k ap taye bande.

Dirijan, elit ak yon pati nan kominote entènasyonal la konplike lavi ayisyen kit se an Ayiti, kit se sou fwontyè amerikano-meksiken an. Imaj konpatriyòt ayisyen yo k ap sikile sou tout rezo sosyal la pwovoke anpil endinyasyon ak kòlè bò kote anpil moun. Ayisyen sa yo ki twouve yo anba pon an sou fwontyè amerikano-meksiken an se lavi miyò yo al chache ; se pou ensekirite a yo ap kouri; se avni pitit yo ak fanmi yo yo al defann. E si lakay yo te bon, yo pa ta pral pran imilasyon yo ap pran la. Imaj sa yo se yon souflèt li ye pou dirijan yo ak elit peyi Dayiti, daprè anpil moun.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …