_Akize tantativ kadejak, yon endyen jwenn liberasyon l sou kosyon pandan l asepte lave, pase ak lajan nan pòch li rad tout fanm ki gen nan vilaj la pandan 6 mwa._
Lalan Kumar, pwofesyon blanchisè ki gen 20 lane sou tèt li ap gen pou achte ak lajan nan pòch li tout materyèl nesesè pou lave e pase rad 2000 fanm nan yon lokalite ki rele Major, yon vilaj ki chita kòl nan eta Biyar, daprè desizyon lajistis.
Santosh Kumar Singh, yon ofisye polis ki nan Biyar fè konnen nan AFP Lapolis te mete Kumar anba nan mwa avril ki sot pase a pou kesyon kadejak. Sepandan, poko gen dat ki fiske pou pwosè li a.
« Tout fanm nan vilaj la kontan desizyon tribinal la », deklare responsab konsèy vilaj la, Nasima Khatoon nan AFP. » Se yon desizyon istorik ki ap nonsèlman pwoteje fanm yo men tou ranfòse diyite ak respè yo dwe genyen nan sosyete a », kontinye Khatoon, youn nan otorite ki ap siviye Lalan.
Plis pase 28 000 ka kadejak siyale nan peyi End an 2020 an. Fenomèm sa lakoz Lapolis resevwa anpil paske pa gen aksyon ki poze nan anpeche zak sal sa yo fèt.
Jackson junior Rinvil