AYITI/DEY/ESTA: YON CHANTÈ- KONPOZITÈ AYISYEN MOURI NAN PEYI ETAZINI.

Rodrigue Milien, chantè e konpozitè ayisyen mouri jounen samdi 25 sektanm 2021 an ak 75 lane sou tèt li nan peyi Etazini, patiklyèman nan Florid.

Sektè mizikal ayisyen an pèdi yon lòt lejann ankò. Apre chantè Sore e mayestwo Douby fin fè vwèl pou peyi san chapo, se chantè-konpozitè ayisyen an Rodrigue Milien ki rann dènye souf li ak 75 lane sou tèt li nan peyi Etazini.

Entèprèt » mwen ta renmen » an te malad depi kèk tan kay tonton sam. Rodrigue Milien se youn nan chantè ayisyen ki bay anpil bourad ak mizik ayisyen an pandan jenerasyon pa li a. Mizik ayisyen an pèdi yon zetwal.

Sektè mizikal ayisyen, nan anviwon de mwa pèdi 3 gwo mizisyen-chantè e konpozitè.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …