AYITI/ SINISTRE: YON PONP GAZOLIN PRAN DIFE OKAP AYISYEN

Rate gaz la kontinye ap kreye pwoblèm nan peyi a, Yon ponp gazolin boule nan ri 9 Okap ayisyen samdi 25 septanm 2021 an, sitiyasyon sa lakoz plizyè moto ak lòt materyèl ki te nan espas la boule.

Gazolin se Yon bagay ki trè danje alòske leta ayisyen pa pran okenn mezi pou mete lòd nan fason ponp yo ap livre kliyan yo machandiz sa, nan kite kèk sitwayen ki chwazi ale avèk galon nan ponp yo pou Al achte gaz pou revann.

Nou ka konstate nan tout zòn metropolitèn nan machann kap fè mache nwa ak gazolin ki trè danjere , ki ta dwe ap vann selman nan ponp yo pou pwoteksyon sitwayen yo kap vakye nan aktivite yo.

Sin raple kay ki te pran dife nan nan ti gwav lendi 20 septanm 2021an, kote kèk sitwayen tap konsève gwo doum gaz pou Al vann an detay, san konte bourara ki souvan gen anba ponp ki plis ap vann gaz la ak Moun pa,epi plen galon anba ponp yo paske li plis nan avantaj pwonpis yo.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …