E SI LINITE SE SÈL SOLISYON KONT KIDNAPIN NAN?

Kidnapin ak ensekirite se ak sa yo nouvèl ann Ayiti rezime dènye mwa yo. Li difisil pou gen yon jounen ki pase san pa gen yon ka kidnapin ki denonse nan laprès. Chak jou se konsa. Fenomèm kidnapin nan lakoz laperèz, dlo nan je ak anpil soufrans. Sepandan, chak fanmi ak pwòch viktim yo toujou panse se nan revandikasyon pa sektè yo ap rive jwenn solisyon ak pwoblèm nan. Gen yon pakèt moun ki kwè se pa vre. Lè sektè ki viktim nan fè mouvman, bloke lari se pa sa ki solisyon an. Se yon sèl pou nou fè pou nou goumen kont kidnapin nan.

Solisyon kont kidnapin nan se linite n ap jwenn li. Revandikasyon sektè pa sektè a p ap abouti ak anyen e anpil moun wè sa, nou gen yon bon moman depi n ap fè l alòske ravisè yo toujou kontinye ap kidnape moun.

Se nan linite a nou dwe jwenn fòs pou nou kanpe anfas tout moun, yon fason osnon yon lòt, ki viv de kidnapin nan, k ap alimante kidnapè yo an zam ak minisyon. N ap rive fè tout sa yo lè nou konsyan revandikasyon sektè pa sektè a p ap pote solisyon. E si nou pa rive kwape fenomèm kidnapin nan, nou tout ap viktim.

Prèske tout sektè viktim nan koze ensekirite ak kidnapin nan. Pa gen tan ankò. L ap rive sou nou tout si nou kanpe ap gade. Nou dwe kòmanse sanksyone tout atis ki pral jwe pou kidnapè yo, bay polisyen ki mare sosis yo ak bandi bwa long kenbe. Fòk nou fè yon sèl kont yo.

 

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …