AYITI/ENSEKIRITE : YON PASTÈ LEGLIZ MANDE FIDÈL LI YO POU MACHE AK MANCHÈT YO

Pastè legliz « Eglise de Jesus Christ Full Gospel » Job Antoine, mande tout moun ki ap mache anndan legliz li yo pou yo mache ak manchèt yo pou defann tèt yo anba kidnapin nan kap vale teren nan lakou peyi Dayiti.

Pastè a chita sou pasaj Luc 22:36 anndan bib la pou kore desizyon li pran an, selon pastè a li pa nòmal pou yon malfra anntre andan yon legliz soti depi nan machinn yo , mache anndan legliz la jous rive pran pastè oswa fidèl epi pou okenn aksyon pa fèt, ‘’Pou rezoud pwoblèm sa tout moun dwe genyon manchèt’’ deklare pastè a.

Nap raple pastè legliz « Jesus Center »a ke bandi te kidnape anndan legliz la toujou nan men ravisè yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …