AYITI/ GRÈV : GRÈV ASOSIYASYON CHOFÈ AK TRANSPÒTÈ YO BOUT

_Nan yon kominike pou laprès asosyasyon pwopriyetè ak chofè Dayiti (APCH), ki gen nan tèt li Méhu Changeux mete deyò, yo fè konnen grèv la ap leve jounen madi 19 oktòb 2021 an a 4è nan apremidi._

Grèv « ilimite » asosyasyon pwopriyetè ak chofè Dayiti (APCH) te lanse a pou otorite te ka mete yon fren ak pwoblèm gaz la e fenomèm kidnapin nan te reyisi, daprè anpil moun. Pandan jounen lendi 18 ak madi 19 oktòb, aktivite ekonomik pa t ap fonksyone jan yo te konn abitye fonksyone : pa t gen machin nan lari a e anpil nan ti ak gwo antrepriz te fèmen pòt yo.

Sepandan, malgre 2 jounen grèv reyisi APCH fè konnen grèv la ap leve jounen madi 19 oktòb 2021 an a 4è nan apremidi. » Nou mande popilasyon an pou li ale ravitaye l ».

Yon lòt kote, sendikas Méhu Changeux fè konnen li p ap fè grèv ankò, l ap jis fèmen biwo Leta yo. » Malgre 2 jounen grèv yo gouvènman an meprize travayè ki ap mande sekirite yo », ekri nan kominike pou laprès la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les États-Unis sanctionnent un gang vénézuélien supposément lié à Nicolas Maduro

Le département américain du Trésor a annoncé vendredi des sanctions contre le « Cartel de …