AYITI/SINEMA: GWOUP STAF TÈT ANSANM AP CHACHE AKTÈ AK AKTRIS POU YON NOUVO SERI

Gwoup staf tèt ansanm ki se yon gwoup teyat ki chita kò li nan Dèlma 19, lanse yon rekritman pou kapab jwenn aktè ak aktris pou yon nouvo seri kap demare nan mwa novanm kap vini la.

Moun kap gen pou patisipe yo ap peye yon frè mil goud ($200ht). Seri sa ki rele « lekòl lage » pral chita sou jan jenès la pa enterese ak lekòl nan dènye tan sa yo lekol pa gen okenn enpòtans ankò, lekòl yo vin pèdi tout valè li te genyen nan tan pase yo.

Se pa premye seri Gwoup la pral soti, li gen plizyè seri ki an sikilasyon sou youtube tankou « Respekte manmanw » Limena se kloròks, frap pou frap poun site kèk pami pwodiksyon yo. Moun ki enterese yo kapab pase nan #1 Imp Lavange Dèlma 19. Pou plis detay rele nan: 3697-8783/4802-1395/3919-7803.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …