AYITI/KIDNAPIN: ETAZINI DEKLARE YO PAP NEGOSYE AK RAVISÈ KI KIDNAPE 16 MISYONÈ AMERIKEN YO AK KANADYEN AN.

Eta ameriken an fè konnen yo pa nan politik pou yo negosye ak gwoup gang 400 mawozo pou libere misyonè yo, sèl objektif Etazini se pèmèt otaj yo retounen lakay yo.

Daprè Deklarasyon pòt pawòl mezon blanch lan, Jen Psaki ki tap entèveni nan yon konferans pou la près. Wachinton rete fèm nan dezisyon li. Li pap antre nan politik negosyasyon 17 milyon dola gwoup gang 400 mawozo reklame pou libere misyonè yo, Rapòte jounal espanyol EFE.

Minis Jistis ayisyen List Quitel fè konnen FBI ak la polis ayisyen an kontak ak gang 400 mawozo ki kenbe misyonè yo an otaj.

Nap sinyale 17 misyonè sa yo anleve nan yon bis pandan yo tap sot vizite yon òfelina.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …