Nan yon konferans pou laprès jounen jedi 14 oktòb 2021 an, Chèf kilt vodou ayisyen ougan Cedral Noelus ak ougan Francois Edson bay dizon yo sou KEP ak mache prese pou fè eleksyon an.
Chèf kilt la deklare « Mwen pa konprann anyen, pwoblèm sekirite a poko rezoud, volim kidnapin nan moute disèt wotè epi mwen wè yon mache prese pou fòme KEP pou fè eleksyon » Selon chèf kilt la peyi a poko pare pou eleksyon jan bagay yo ap dewoule la. Ougan voye yon mesaj klè bay yon gwoup moun nan sektè vodou a ki pase pa anba pou voye moun reprezante sektè a san yo pa kontakte li. Li mande moun sa yo rejwenn li pou pote yon solisyon ak kriz kap ravaje peyi a.
Ougan Francois Edson, bò kote pa li preche linite nan mitan sektè a, selon ougan an li pa nòmal nan eta peyi a ye la pou yon gwoup moun ap kreye divizyon jis pou yo defann ti enterè pèsonèl yo, li pwopoze yon pwojè vodou a genyen pou 50 lane.