AYITI/ GAZ: RATMAN GAZ LA GEN GWO KONSEKANS SOU BANK KOMÈSYAL YO

Labank ap louvri twa jou sèlman apati semèn lendi 8 novanm 2021 soti 8è nan maten pou bout a 2è nan apremidi akoz pwoblèm gaz la, daprè yon kominike asosyasyon pwofesyonèl bank yo mete deyò jounen vandredi 5 novanm 2021 an.

« Nan sousi pou nou ka bay sèvis ki pi piti yo, gichè bank yo ap louvri pou kliyan yo lendi, mèkredi ak vandredi chak semèn soti 8è 30 nan maten pou rive 2è nan apremidi apati lendi 8 novanm 2021″, enfòme asosyasyon an nan nòt pou laprès la.

Dezisyon sa ap kenbe jiskaske pwoblèm gaz peyi a ap fè fas la retounen nan nòmal li, daprè nòt pou laprès la.

Bank yo koube yo byen ba devan kliyantèl yo pou prezante eskiz yo pou enkonvenyan desizyon sa kapab koze. » Sèvis an liy yo ap toujou fonksyone toutotan pa gen pwoblèm entenèt », konkli kominike a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …