LEMOND/ ELEKSYON: AUDREY AZOULAY ELI POU YON LÒT FWA NAN TÈT « UNESCO »

Ansyèn minis kilti peyi Lafrans, Audrey Zoula, eli yon lòt fwa kòm direktris jeneral « UNESCO », nan kad eleksyon ki reyalize kote lòt manda Audrey Zoula ap chita sou edikasyon ak anviwonman.

 » felisite tout Eta manb yo paske yo eli yon lòt fwa Audrey Zoula », deklarasyon anbasadè pèmanan peyi Brezil nan « UNESCO » a Santiago Irazabal, ki tap prezide konferans jeneral ki reyini nan vil Pari, nan syèj enstisyon an jiska 24 novanm 2021 an. Audrey Zoula, te eli pou premye fwa nan lane 2017, nan dezyèm manda Audrey Zoula, genyen eleksyon yo ak 155 vòt pou ak 9 vòt kont ak yon abtansyon.

 » mwen vle dabò di nou mèsi nan fon kè mwen, pou konfyans nou plase nan mwen », deklarasyon nouvo direktris jeneral « UNESCO » a, Audrey Zoula, pwomèt nan nouvo manda li pou travay pou rann yon lòt kontra sosyal nan zafè edikasyon ak ankouraje rechèch sou aprantisaj epi pwomouvwa dyalòg ak kominote edikasyon an nan mond lan.

N ap siyale, Audrey zoula, te ansyen minis kilti sou prezidan fransè François Hollande.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …