AYITI ENSEKIRITE: LANTÈMAN BAWON, MANM PHTK KI TE TONBE ANBA BAL BANDI CHANTE NAN VIL AKAYÈ.

Kowodonatè pati ayisyen tèt kale ( PHTK) nan vil akayè , Toldy Pierre Moun plis konnen sou non Bawon ansanm ak kòlèg travay li Réginald Jean Louis ki te tonbe anba bal endividi yo pa rive idantifye , 30 jiyè pase a , nan biwo ofisye Eta sivil akayè antere  samdi 18 out 2018 la.

Seremoni pou bay yon dènye ochan ak viktim yo fèt sou plas sen pyè akayè a devan youn nan pòt pawol prezidan lan.

Lucien Jura , ansanm ak Direktè jeneral la ministè enteryè a Fednel Monchery .

PHTK konsidere lanmò Bawon an tankou yon kout loray ki tonbe sou yon pye mapou « ,daprè pòt vwa laprezidan ki prezante Todly Pierre tankou yon vrè militan Pati ayisyen tèt kale .

Majistra vil la , Rosmila Petit- Frère , ki tap patisipe nan seremoni lantèman an kònen lanbi pou mande pi gwo otorite ki nan leta a voye je sou zak ensekirite ki pa Sispan ogmante nan site drapo a , li anonse yon chita pale nan mitan otorite akayè yo ansanm ak sosyete sivil la pou jwenn yon solisyon a ak sitiyasyon sa a.

Kervens Louis

Kervenslouis459@gmail.com +509 44120020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …