Premye joune kalsyo a lanse pandan week-end nan kote tout je te brakle sou sta Pòtigè Christiano Ronaldo ki rejwenn ekip Juventus la, Pòtigè a pat rive make men Juventus rive fè yon viktwa (3-2).
Plizyè match te anile nan premye joune Calcio a akoz yon pon ki te tonbe nan vil Jèn peyi Itali. AC.Milan Genoa, Samdoria Fiorentina se de (2) match ki pat rive jwe.
Inter ki te an deplasman kay ekip Sassuolo a pèdi (0-1), Naple kale Lazio (1-2), AS Rome genyen ekip Torino a (0-1).
Rezilta premye joune Calcio a.
Chevo Veron-Juventus (2-3).
Lazio Rome-Naples (1-2).
Torino-AS.Rome (0-1).
Empoli-Cagliari (2-0).
Sassuolo-Inter (0-1).
Parme-Udinese (2-2).
Bologne-Spal (0-1).