AYITI KOPERASYON: AYISYEN PA BEZWEN VIZA POU VIZITE PEYI CARICOM YO.

Sitwayen ayisyen pa bezwen viza pou vwayaje nan peyi manm kominote karayib la ( Caricom)

Desizyon sa soti pandan 3èm somè chef eta karayib yo nan vil Montego bay, jamayik , 4 ak 5 jiyè 2018 pase a.

Tout sitwayen ayisyen gen dwa pou pase 6 mwa nan nenpòt peyi manm Caricom yo.

Toutfwa moun k’ap vwayaje a dwe genyen ase lajan pou depanse pandan peryòd sa daprè sa Caricom raple nan yon nòt ofisyèl ki parèt 16 dawout la.

Depi lane 2002 ayiti manm kominote karayib yo. Sepandan , sitwayen ayisyen poko te janm gen privilèj pou sikile libèlibè nan zòn nan.

Kervens Louis

Kervenslouis459@gmail.com

+509 44120020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …