AYITI KILTI: 26 DAWOUT GRAN FINAL MIS HAPLO

Final premye edisyon Miss HAPLO a ap fèt dimanch 26 dawout kap vini la a nan vil kwadèboukè. (4) kat jèn , pami 17 , ki rive nan final la pral twoke konpetans yo pou ranpòte kouwòn nan.

Prezidan HAPLO a, Samedy Rodney , di konkou sa gen pou objektif pèmèt jèn ki nan komin kwadèboukè ak alantouray li yo montre talan ak entèlijans yo genyen.

Ayiti Plezi Lokal ( HAPLO) ki pran inisyativ sa gen pase (3) twa lane depi lap akonpanye plizyè santèn jèn gason ak jèn fanm nan zafè atizana , dans , sinema , elatriye.

Mèt fèy vèt ak jòj le vrai se (2) de pami atis envite kap genyen nan evènman sa kap òganize nan lokal Doudou Store a (1 : 00 è) kote yon moun ap bezwen sèlman 150 goud pou patisipe.

Kervens Louis

Kervenslouis459@gmail.com

+509 44120020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …