AYITI/OPINYON: ANPIL MOUN MOURI NAN MATISAN, ARIEL HENRY AK FRANTZ ELBE PA DI MENM YON MO POU VIKTIM YO

_Lavi moun ki ap travèse rantre Sid Kapital la, nan nivo Matisan ak Fontamara pa reprezante anyen pou nèg ak zam ki ap fè lalwa nan katye sa yo depi plis pase 6 mwa. Prèske chak jou nèg ak zam ki kontwole wout nasyonal nimewo 2 nan Matisan ak Fontamara ap etenn souf malere ak malerèz ki ap frekante wout la nan ale chache lavi miyò nan kè vil la. Mèkredi 1 desanm 2021 nan apremidi yon gwoup nèg ak zam simen katouch sou yon bis ki t ap pase nan Matisan, zòn bò lopital san fwontyè lakoz plizyè moun pèdi lavi yo ak yon pakèt lòt blese ki, pou kounya, sou kabann lopital. Nan jounen mèkredi sa a, se yon kanaj ki fèt. 48è apre zak sa yo premye minis defakto a Ariel Henry ak tout direktè Lapolis Nasyonal Dayiti a, Frantz Elbe pa di yon mo, ni poze yon aksyon._

Nèg ak zam Matisan pa pran lavi popilasyon an pou anyen. Prèske chak jou inosan tonbe anba bal gwoup gang ki ap kontwole rantre sid kapital la. Alòske, malgre zak sa yo ap fèt ak repetisyon nonsèlman Ariel Henry ak direktè jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti, Frantz Elbe pa janm di yon mo, men yo pa poze okenn aksyon tou pou frennen tray sa moun k ap travèse Matisan ap pede pase depi plis pase 6 mwa.

Fason Ariel Henry ak Frantz Elbe pa ni aji, ni di yon mo sou kanaj ki fèt sou yon pakèt sitwayen mèkredi pase a fè kwè otorite nan peyi isit pa pran moun k ap pase Matisan pou moun. Li pa posib pou yon peyi ki swadizan gen Leta ( premye minis ak chèf Lapolis) kite pou yon gwoup nèg ak touye yon popilasyon nan nivo nèg ak zam Matisan ap fèl lè moun eseye travèse wout nasyonal nimewo 2 a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …