AYITI/KIDNAPIN: ÒGANIZASYON FEMINIS NÈGÈS MAWON MANDE LIBERASYON NOVIA AUGUSTIN

_Òganizasyon feminis NÈGÈS MAWON mande liberasyon militan dwa moun nan, Novia Augustin, nèg ak zam kidnape vandredi 3 desanm 2021 an nan Dèlma 75 militan._

« Nou ekzije pou otorite konsène yo pran responsabilite yo pou asire sekirite popilasyon epi kwape fenomèm kidnapin ki afekte tout kouch nan sosyete popilasyon an », ekri sou paj fesbouk NÈGÈS MAWON.

Òganizasyon feminis ki gen kòm kòdonatris Pascale Solages, pi lwen, fè konnen « Leta dwe nou sekirite ».

Fenomèm kidnapin ak ensekirite a, malgre prezans yon nouvo chèf Lapolis, pa sispann mete dlo nan je popilasyon an. Nèg ak zam achte rantre sid kapital la, nan nivo Matisan, lajan kontan.

 

Jackson Junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …