LEMOND/ AKSIDAN : POU PI PITI 50 MIGRAN MOURI NAN YON AKSIDAN NAN PEYI MEKSIK

Yon kamyon ki t ap transpòte plizyè migran ki se orijinè peyi Gwatemala chavire Eta fwontalye « Chiapas », nan sid Meksik jounen jedi 9 desanm 2021 an. Aksidan sa ki lakoz 53 migran mouri ak 40 lòt blese pami yo 3 blese grav, daprè enfòmasyon pakè « Chiapas » mete deyò.

 » gen 5 ou 6 timoun ki blese »,  » gen plizyè moun ki atè, ladan yo te gen plizyè mò. Ak lòt moun ke m teye yo fè tout sak posib poum te ka ede yo e sitou sak te bay siy lavi yo », se sa youn nan sitwayen nan Eta « Chiapas » Isaias Diaz, rakonte nan mikwo jounalis yo.

Direktè pwoteksyon sivil rejyonal la, Luis Manuel Garcia, fè konnen selon temwanyaj blese yo pi fò nan yo sòti nan peyi Gwatemala, epi yo fè konnen se dezekilib chofè a te genyen epi machin lan al antre nan yon mi.

N ap siyale, nan yon twit prezidan Gwatemala, Alejandro Giammattei, pwomèt pou bay tout èd li ak repatriye migran sa yo.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …