AYITI/ENSEKIRITE:  SEKTE SANTE A PRAN GWO KOU NAN MEN BANDI KAP OPERE NAN NAN PEYI A SAN KE KASE.

Blese anba bal nèg ak zam nan yon tantativ kidnapin ki te fèt sou li samdi dènye, doktè Makendi Guerrier mouri jounen dimanch 12 desanm 2021 nan peyi repiblik Dominikèn.

Ensekirite ak kidnapin kontinye ap mete latristès nan kè pèp ayisyen an. Sektè sante a nan peyi Dayiti an dèy. Doktè Makendi Guerrier, 36 lane, fè vwèl pou peyi san chapo apre li te fin resevwa bal nan men nèg ak zam ki t ap eseye kidnape l.

Prezantatè ribrik »Espas Sante » nan maten Karayib, doktè Guerrier te tetraplejik apre nèg ak zam te fin tire sou li.

Fenomèm kidnapin ak ensekirite a pa sispann mete dlo nan je popilasyon an. Lavi pèp ayisyen pa vle di anyen pou moun ki ap dirije yo. Sa gen ui(8) jou depi nèg ak zam bloke Matisan men poutan, premye minis defakto Ariel Henry ak direktè jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti, Frantz Elbé kwaze bwa yo ap gade pandan moun nan gran Sid ap mouri akoz medikamen ki pa ka pase Matisan.

 

https://zeno.fm/radio/echojounal/

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …