Biwo swivi akò Montana, 30 dawout 2021 an, enstale jounen dimanch 12 desanm lan manm konsèy nasyonal tranzisyon an. Seremoni an te dewoule an prezans Prezidan Sena manke moso a Joseph Lambert, ansyen senatè Youry Latortue ak ansyen depite Antoine Rodon Bien-Aimé, epi plizyè manm ki fè pati klas politik la ak manm sosyete sivil la.
Konsèy sa ki gen nan misyonl chwazi yon prezidan pwovizwa ak yon premye minis, fòme kabinè ministeryèl ak valide liy pwochen gouvènman an. Li ap gen pou kontwòl Ògàn kontwòl tranzisyon ki gen sig nan lang fransè (OCT). Mèt Arnel Remy, ki se youn nan manm yo0 fè kwè se yon pa enpòtan ki fèt lè yo rive mete sou pye konsèy nasyonal tranzisyon an jan akò 30 dawout la te prevwal la.
N ap fè remake, konsèy nasyonal tranzisyon an gen 44 manm. Epi gouvènman tranzisyon an dwe la pou 2 lane, si n te kwè sa yo te siyen nan akò 30 dawout la.
Dieuva Occidor