AYITI SEKIRITE: MACHIN SENATÈ SALOMON VIKTIM ANBA KATOUCH KAP TIRE NAN ZÒN PÒTAY LEWOGAN MATISAN AK ZÒN KI TOU PRE YO.

Machin senatè Salomon viktim de katouch kap tire kèk tan ant plizyè kan bandi ki gen zam nan men yo nan zòn pòtay lewogan matisan ak zòn ki tou pre yo , yon sekirite senatè a blese nan tèt.

Ensidan sa pase yè aprè midi ki te vandredi 31 out la , nan lantouray santral elektrisite ayiti a (EDH) , sou bisantnè a.

Palmantè a soti san li pa grafonyen pandan atak la.

Yon pwòch senatè Jean Mary Salomon konfime Echojounal gen yon ajan UDMO ki nan ekip sekirite reprezantan depatman sid la ki blese nan tèt.
Viktim nan deja ap pran swen nan yon lopital nan kapital la .

Atak sa fèt sou palmantè a nan moman bandi ap twoke kòn yo nan zòn vilaj Dedye ak bisantnè.

Kervens Louis

Kervenslouis459@gmail.com

+509 44120020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …