AFRIKDISID /DÈY:YON POTO MITAN NAN BATAY KONT APARTHEID LA, FÈ VWÈL POU PEYI SAN CHAPO

Achevèk anglikan sid afriken Desmond Tutu, yon ikon nan batay kont Apartheid la mouri jounen dimanch 26 desanm  2021 an ak 90 lane sou tèt li.

Li te gen sounon  » The Arch », li te resevwa yon pri Nobèl Lapè nan lane 1984 pou batay li mennen pou te pote solisyon epi mete fen ak rejim segregasyonis an Afrikdisid pandan kat deseni._

« Nasyon lakansyèl » la se li menm. Desmond Tutu te itilize pou lapremye fwa ekspresyon sa nan lane 1993. Ansyen achevèk Sid afriken, nonmen nan lane 1986 pandan Apartheid la, mouri dimanch 26 desanm 2021 an pandan li te gen 90 lane sou tèt li.

Desmond Tutu te yon gwo pèsonaj enpòtan nan batay kont Apartheid la. E pou sa, nan lane 1984 li resevwa pri Nobèl Lapè.

« Se te yon gason ki te gen anpil kouraj ak konviksyon ki te konsakre vi li ap sèvi lòt moun. Li se te esans limanite nou », deklarasyon prezidan  Cyril Ramaphosa.

Kredi foto:net

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …