ENSEKIRITE/ MATISAN : YON MAJISTRA LONJE DWÈT SOU TWA SEKTÈ KI LAKOZ INISYATIV LAPÈ A ECHWE NAN MATISAN

Ansyen majistra komin Kafou a, Yvon Jérôme, lonje dwèt sou twa sektè ki lakoz inisyativ dyalòg pou lapè nan Matisan an pa rive nan bout li. Twa sektè sa yo daprè ansyen premye sitwayen komin Kafou a se « Leta, moun a mikwo ak men kache yo ».

Yvon Jérôme ak yon pakèt lòt sitwayen a travè yon komite te lanse yon bat bouch ak diferan chèf gang nan rantre Sid Kapital la pou te kapab gen yon lapè. Lapè a pa t dire anpil tan. » M rann twa sektè responsab pandan gen eksepsyon. Premye sektè a se Leta ki gen responsabilite asire sekirite piblik.

Dezyèm sektè a se moun a mikwo ki te ap diskredite inisyativ la epi dènye a se men kache yo, moun ki ap bay jenn yo zam ak katouch », deklare Yvon Jérôme.

Daprè ansyen majistra komin Kafou a ki fè konnen se ak dyalòg sa k ap pase Matisan an kapab rezoud. » Nou wè jenn sa yo se yon pakèt moun. Feblès Leta a, lesè ale a ak enpinite tout faktè sa yo moutre klè pa gen yon solisyon ak zam ».

N ap raple, moun pa sispann mouri nan rantre Sid Kapital la. Soti 24 pou rive 27 desanm gen pou piti 7 moun nèg ak zam nan Matisan touye anba je otorite nan Leta yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …