AYITI/ ASASINA: PEYI ETAZINI ANGAJEL NAN BATAY POU SISPÈK ASASINA DEFEN JOVENEL MOÏSE YO REPONN KESYON LAJISTIS

Youn nan pòt pawòl Depatman Deta ameriken, fè konnen peyi Etazini vle wè asasen defen prezidan Jovenel Moïse yo, epi apiye bon jan ankèt ki ap mennen pou pèmèt lajistis fè limyè sou zak sa a.

 » Nou vle wè moun ki te planifye, finanse epi touye defen prezidan Jovenel Moïse parèt devan lajistis. Pèp ayisyen an merite yon pwosesis ki transparan ak yon rezolisyon nan ankèt sa a pou montre koupab yo ke krim sa paka chape anba men lajistis », deklarasyon pòt pawòl Depatman Deta ameriken an.

Pou fini, pòt pawòl la ki ankouraje tout pati yo respekte pwosesis legal ak respè estanda entènasyonal dwa moun.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

CAN116 : Défendre la vie au cœur du chaos

Dans un pays marqué par l’instabilité politique, les crises sociales, et une défaillance chronique des …