LOPITAL SEN KWA NAN  LEYOGÀN NAN FÈ NWA

Nèg ak zam nan Matisan kidnape 2 chofè plis yon jeneratris lopital sen kwa nan Leyogàn. Sa ki lakoz lopital la nan gwo fenwa alòske daprè yon SOS ki lanse sou sosyal yo gen yon pakèt timoun medsen yo bezwen sove lavi nan sèvis néonatalogie lopital la.

Nèg ak zam nan Matisan, malgre lane a chanje, toujou kenbe menm pratik kidnape moun nan ak pran materyèl ki ap pase nan rantre Sid kapital la.

Fwa sa, se lopital Sen kwa ki soti viktim anba menm nèg ak zam matisan apre yo fin kidnape de chofè ak jeneratris lopital la.

Yon sos lanse sou rezo sosyal yo pou mande pou kèk moun nan sosyete a ede medsen nan lopital Sent kwa ede pou kapab sove lavi yon pakèt timoun nan néonatalogie lopital la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …