AYITI/ SOSYETE: YON NOUVO ÒGANIZASYON LANSE NAN DEPATMAN NIP

Sou inisyativ plizyè sitwayen ki sòti nan kat (4) depatman Nip, Sid, Grandans, Sidès ak rejyon Palm lan, lanse jounen vandredi katòz (14) janvye 2022 a nan komin Fondenèg. Estrikti sa ki pote non Gran Sid ap mache nan lang fransè  » Grand Sud en marche » (GSM), kreye nan lide pou mande otorite yo pou rann gran Sid la devlope nan mete wout lopital, inivèsite wout pou chak depatman yo epi ayopò entènasyonal, tèminal gaz, inivèsite.

Youn nan inisyatè yo, mèt Rodrice Durocher, fè konnen yo lanse mouvman sa a se pou kapab mande ak Leta santral pou ba yo pwòp otonomi yo pou yo pa depann sou Pòtoprens. Òm la lwa, ki prezante yon bann potansyèl rejyon Gran Sid la genyen epi pwofite mande ak otorite nan Leta pou kreye bon jan lopital, inivèsite, fè wout depatman Sidès ki mennen nan Sendomeng san yo pa pase nan Pòtoprens.

Sou bò pa li, kodonatris asosiyasyon relèvman Pemèl (ARP) epi reprezantan komèsan nan òganizasyon Gran Sid ap Mache (GSM), Fatale Renante, mande ak tout komèsan nan 4 depatman sa yo pou kale je yo epi poze ak pouvwa santral la kesyon paske depi plizyè mwa yo paka voye achte machandiz nan repiblik Pòtoprens. Militant lan, ki raple mache ki nan komin Fondènèg se twazyèm mache nasyonal.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …