AYITI/SEKIRITE: LAPOLIS ANONSE YO METE ANBA KÒD YON MANM GWOUP GANG 400 MAWOZO

Lapolis Nasyonal Dayiti anonse yo mete anba kòd jounen jedi 13 janvye 2022 a nan komin kwadèboukè Rousseau Louissaint, yon manm gwoup gang « 400 mawozo ».

« Apre sèvis rensèyeman yo te fin enfòme Lapolis, polisye yo te deplwaye nan moman chèf gang 400 mawozo a, lanmò san jou t ap enstale Rousseau Louissaint kòm chèf gang ri falèz nan sousi pou gang kapab prezan plis kote », ekri PNH la nan yon nòt yo mete deyò.

Lapolis fè konnen pandan operasyon sa yo sezi yon motosiklèt ak yon pakèt lajan ki te nan men chèf gang nan.

Fenomèm kidnapin ak ensekirite a, malgre lane a chanje, pa chanje. Nèg ak zam nan Matisan toujou ap kidnape ak etèn souf inosan ki ap travèse rantre Sid Kapital la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …